FLA/Eleksyon
2012
Dirije
FLA avèk FLA pou FLA
Mik
Wobè ARISMA : yon altènativ
Pwofesè,
pèsonèl administratif ak etidyan FLA te toujou rete atache, mare, marye ak
fakilte a. Nou tèlman renmen fakilte nou, nou soufri pou li, nou mouri pou li.
Nou viktim par amour.
Nan
tout UEH la, nou pami sa yo ki pi piti sou plan espas, lokal, bidjè elatriye.
Nou pami sa yo ki bay pi piti to etidyan ki soutni memwa lè yo fini kat ane
etid yo. Nou pami sa yo ki gen mwens viziblite, epi nou se sèl fakilte ki pa
janm devlope filyè nan fòmasyon nou bay yo atravè bon jan depatman. Si etidyan
ki diplôme nan dwa se avoka, nan Lekòl nòmal se nòmalyen, nan Fakilte agwonomi
se agwonòm, Ki sa etidyan FLA ye lè li fin diplôme ?
Sèl
lè nou ranpòte lamayòl nan UEH la se 12 janvye 2010. Nou te bay plis pase 95
pousan viktim nan inivèsite leta a. Anpil moun temwaye yo te sispèk batiman an
pat anfòm depi lontan, yo di yo te konn abitye santi l ap vibre, men pèsonn
sanble pat janm pran yon titan pou mande esi yon jou ta gen yon kouri sa k pral
rive ? Nou kapab di jodi a, 12 janvye se te rezilta yon pwosesis. Jodi a,
nan sezon eleksyon sa a, se pi bèl okazyon nou genyen pou nou poze tout pwoblèm
fakilte a ap konfwonte, pou nou chache ansanm wout ak mwayen pou nou rezoud yo,
epi pou nou jwenn bon jan kaptenn ki pou mennen bak fakilte a.
Se pou nou mete
entèlijans nou opa pou nou pa viktim yon
12 janvye akademik.
Pandan n ap salye memwa tout moun ki mouri nan FLA, pou FLA, nou di konsèy ki
prale a ak tout lòt manm FLAmi an mèsi
pou sa nou gen tan fè nan ti bout tan tranzisyon an. Nou fè kwa pou nou pa janm
bouke nan travay la, pa sèlman pou amelyore men pou chanje kondisyon nou, se sa
sèlman ki pou retire nou nan ke kamyonnèt UEH la.
Mik
Wobè ARISMA
Kandida,
Vis
dwayen Afè akademik
Mik Wobè ARISMA se
pwofesè Fakilte Lengwistik Aplike. Li se powèt, jounalis, ekriven, didactisyen
ki fòme nan Fakilte Lengwistik Aplike (Inivèsite deta d Ayiti) ak nan
Université des Antilles et de la Guyane. Li gen Metriz ak Mastè deta nan didaktik ak kominikasyon. Li se espesyalis nan kesyon elaborasyon ak pwodiksyon materyèl didaktik.
Li travay kòm konsiltan nan rectora inivèsite deta d Ayiti, nan Agence
universitaire de la Francophonie ak nan Ministè edikasyonal ak Fòmasyon
pwofesyonèl.
Li deside pou vin Vis
dwayen nan FLA pou kontinye monte wo wo drapo lengwistik la.
Ann pote kole pou FLA ak FLA nan FLA
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire